Samdi 25 oktòb 2025, nan mitan jounen an, tanpèt twopikal Mélissa te vin tounen yon ouragan kategori 1 sou echèl Saffir-Simpson, daprè Nasyonal Hurricane Center (NHC) Ozetazini. Van yo ap souke ak vitès 120 km/h, e gen risk pou li vin tounen yon « ouragan majè » dimanch 26 oktòb si li entansifye rapid.
An repons, gouvènman ayisyen an dekrete alèt wouj nan depatman Sid ak Grand’Anse pandan yon konferans pou laprès nan Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC). Depatman Lwès, Nippes ak Sid-ès rete sou vijilans jòn, selon Konsèy Prezidansyèl Transisyon (CPT).
Otorite yo ap mande popilasyon an pran tout prekosyon nesesè kont inondasyon, van fò, ak risk glisman tè.
