Dapre Nasyonzini, operasyon dron gouvènman ayisyen an nan Pòtoprens vyole dwa moun e pa gen okenn baz legal. Chèf seksyon dwa moun Nasyonzini an fè konnen omwen 559 moun pèdi lavi yo nan atak sa yo, anpil ladan yo se sivil.
Nan yon deklarasyon piblik, Oganizasyon Nasyonzini pou Dwa Moun lan kondane itilizasyon dronn nan operasyon militè gouvènman ayisyen an, li rele sa yon “vyolasyon grav kont lalwa entènasyonal”. Dapre rapò a, dronn yo ta sèvi pou atake zòn kote Leta sispèk gen gang, men an reyalite, anpil fanmi inosan tounen viktim.
Chèf seksyon dwa moun Nasyonzini an deklare ke jiska prezan, plis pase 559 moun pèdi lavi yo nan sa òganizasyon an konsidere kòm “atak ilegal san distenksyon”. Li mande pou gen yon ankèt endepandan sou fason operasyon sa yo fèt, e pou otorite ayisyen yo respekte dwa sivil yo menm nan kontèks sekirite difisil la.
Nasyonzini raple tou ke okenn dispozisyon legal n egziste nan lwa ayisyèn ni nan manda entènasyonal aktyèl la pou otorize itilizasyon zam otomatik oswa dronn kont popilasyon sivil.
