Ayiti : L’ONU adopte rezolisyon 2793 pou ranfòse batay kont gang yo

Ayiti : L’ONU adopte rezolisyon 2793 pou ranfòse batay kont gang yo

New York, 30 septanm 2025 — Konsèy Sekirite Nasyonzini an adopte madi sa a rezolisyon 2793, ki transfòme Misyon Multinasyonal Sekirite (MMAS) lan an yon fòs entènasyonal pi solid pou konbat gang k ap taye banda nan kapital Ayiti, Pòtoprens.

Rezolisyon an pase ak 12 vòt pou, 0 kont, ak 3 abstansyon. Desizyon sa a pèmèt kominote entènasyonal la mete sou pye yon fòs ki kapab rive jiska 5 500 polisye ak sòlda, olye de anviwon 1 000 moun sèlman jan sa te ye nan MMAS la, ki te souvan kritike pou feblès ak mank mwayen li yo.

Nouvo fòs sa a ap gen pouvwa pou mennen operasyon dirèk kont gang ame yo ansanm ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Anplis, Nasyonzini ap mete yon biwo lojistik ak finans pou ede misyon an fonksyone ak plis efikasite.

Kenya, ki se peyi k ap dirije MMAS la kounye a, konfime angajman l pou akonpaye tranzisyon sa a.

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr, salye rezolisyon an, li di li nesesè pou pwoteje popilasyon an epi frennen egzòd masiv k ap fèt akoz vyolans gang yo.

Etazini ak Panama, ki te pote rezolisyon an devan Konsèy Sekirite a, mete aksan sou ijans pou fòs la antre an aksyon rapid pou ede estabilize Pòtoprens ak zòn ki antoure li yo.

Comments

No comments yet. Why don’t you start the discussion?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *