Volker Türk, wo komisè Nasyonzini pou dwa moun, alète Konsèy Dwa Moun nan Jenèv sou sitiyasyon kritik nan Ayiti. Depi 1ye janvye 2022, plis pase 16,000 moun mouri ak anviwon 7,000 blese nan vyolans gang yo.
Gang yo kontwole wout, fòse popilasyon an peye, detounen èd alimantè, epi detwi lopital, lekòl ak lòt enfrastrikti. Sitiyasyon an menase pa sèlman Pòtoprens, men tout rejyon an.
Timoun yo nan gwo danje: anpil kite lekòl, viktim trafik oswa rekrite pa gang. Yon premye Sant Tranzit ak Oryantasyon louvri nan Pòtoprens pou ede timoun sa yo, men plis aksyon nesesè.
Fòs sekirite yo tou fè viktim: plis pase mwatye moun ki mouri oswa blese ane sa a soti nan operasyon yo, enkli frap dron ki touye sivil ak timoun. Haut-Komisa a mande ankèt endepandan ak pouswit responsab yo.
Sitiyasyon imanitè a grav: 6 milyon moun bezwen asistans, 1.3 milyon deplase, mwatye timoun. Ayiti nan mitan peyi ki gen pi gwo ensécurite alimantè nan mond lan.
Volker Türk mande: aplike embago zam, kontwole fwontyè, sipòte Fòs Repwesyon Gang ak garanti dwa moun, epi konbat koripsyon, povrete ak enpinite pou retabli lapè ak jistis.
“Nou kapab — e nou dwe — chanje sitiyasyon an pou pèp ayisyen an,” se konsa li te konkli.

